EN
FR
Preferans
Lang
Lajan
Peyi
5
...
...
...
...
...
...
...

Enfòmasyon pèsonèl

Enfòmasyon pèsonèl

Kibagay, Inc., oswa lòt asosyasyon k ap kowopere avèk li yo, sèvi ak enfòmasyon pèsonèl yon moun mete sou sit la, sèlman nan objektif yo te di moun nan y ap sèvi avè l la, nan moman moun nan te mete enfòmasyon pèsonèl li yo sou sit la. Kibagay, Inc. pap bay pèsonn enfòmasyon sa yo amwenske sa nesesè pou l ka rive satisfè demann moun nan oswa li gen konviksyon si l devwale enfòmasyon sa yo se yon bagay ki nesesè pou l sastisfè yon seri lwa oswa yon seri règleman oswa pou l lite kont fwod oswa pou l detekte fwod, pou pwoblèm sekirite, oswa pou pwoblèm teknik. Yo pap ni vann, ni fè tranzaksyon ni fè biznis ak okenn enfòmasyon pèsonèl nan kèlkeswa sikonstans lan.

Adrès imel

Y ap sèvi ak adrès imel ou bay lè w ap kreye kont ou sou sit Entènèt sa a pou yo kontakte w konsènan kont ou an. Pa egzanp, si w bliye non itilizatè w oswa modpas ou e w mande èd pou w ka konekte, pou yo ka ede w y ap voye enfòmasyon sou imel ou te bay lè w ta ap ouvè kont lan.

Cookies

Li pa ta dwe gen mo rechèch ki pa nesesè, remak ofansif, oswa lyen ki mennen nan lòt vann piblik / anons / sit mache. Mo rechèch ki pa.

Script ak JavaScript

Yo sèvi ak Script la pou yo amelyore fason sit la fonksyone. Teknoloji Script la pèmèt kibagay.com bay itilizatè a enfòmasyon yo san pèdi tan. Yo pa janm sèvi ak Script la pou yo enstale lojisyèl sou òdinatè itilizatè a oswa pou yo ranmase enfòmasyon sou itilizatè a san pèmisyon l.

Pou kèk pati nan sit la mache kòrèkteman, fòk navigatè machin nan ka itilize Script ak JavaScript. Pifò navigatè yo bay posiblite, swa pou yo pèmèt yon seri sit byen presi itilize Script ak JavaScript, swa pou anpeche yo fè sa. Gade nan pati èd navigatè ou a pou w ka konn kòman pou w pèmèt yon seri sit byen presi benefisye posiblite sa a.

Si jamè li vin nesesè pou n chanje bagay ki gen rapò ak bagay konfidansyèl yo, n ap mete chanjman sa yo sou paj sa a yon fason pou w toujou okouran ki enfòmasyon n ap ranmase e ki jan nou sèvi avèk yo.
...
...
...
 
ENSKRI GRATIS
Go
© 2018 - 2024 kibagay.com - All rights reserved.