EN
FR
Preferans
Lang
Lajan
Peyi
5
...
...
...
...
...
...
...

Kondisyon pou moun sèvi ak sit la

Yo fè sit sa a pou ede w aprann pi byen vann oswa achte nenpot bagay pou moun nan kominote Ayisyen an. Ou ka li, gade epi telechaje sa ki enterese w sou li. Nou vle pou lòt moun pwofite sit sa a tou. Ou ka pataje sa w we yo lè w ankouraje lòt moun al sou sit sa a jan nou wè sa nan Kondisyon pou moun sèvi ak sit la, ki pi ba a.

Copyright

Se kibagay.com , Inc. ki pibliye sit Entènèt sa a e ki jere l. Tout tèks ak lòt enfòmasyon ki sou sit Entènèt sa a, se pwopriyete entèlektyèl kibagay.com yo ye. Si gen tèks ak lòt enfòmasyon ki pa pou kibagay.com , y ap fè konn sa.

Non ak Logo

Tout non ak logo yo, se moun ki gen dwa pou sa ki ka itilize yo.

Kondisyon ak otorizasyon pou moun sèvi ak sit la

Kèlkeswa moun k ap sèvi ak sit Entènèt sa a bezwen respekte kondisyon yo bay pou sèvi avè l. Lefètke w ap sèvi ak sit sa a, sa montre ou aksepte tout kondisyon sa yo ansanm ak nenpòt Lòt kondisyon pou moun sèvi ak sit la (tout ap rele “Kondisyon pou moun sèvi ak sit la”). Si w pa dakò ak Kondisyon pou moun sèvi ak sit la oswa si gen youn nan Kondisyon pou moun sèvi ak sit la ou pa dakò avè l, ou pa dwe sèvi ak sit Entènèt sa a.

Ki jan pou w byen sèvi ak sit la? Toutpandan w ap respekte limit ki pi ba yo, ou kapab:

  • Gade imaj ki gen Dwa legal kibagay.com sou yo, telechaje yo epi enprime yo. Ou ka gade, telechaje oswa enprime piblikasyon elektwonik, mizik, foto, tèks ak videyo pou itilizasyon pèsonèl ou, pa nan objektif pou w fè komès.
  • Pataje lyen oswa piblikasyon elektwonik, videyo oswa pwogram odyo ou ka telechaje sou sit la.
Ou pa kapab:

  • Pran imaj, piblikasyon elektwonik, logo, mizik, foto, videyo oswa atik ki sou sit sa a pou w mete l sou Entènèt (kèlkeswa sit Entènèt la, sit ki pataje fichye, sit ki pataje videyo oswa rezo sosyal).
  • Pran imaj, piblikasyon elektwonik, logo, mizik, foto, oswa videyo ki sou sit la epi repibliye l grasa kèlkeswa lojisyèl la oswa fè l tounen konpozan kèlkeswa lojisyèl la (sa gen ladan mete materyèl sa yo sou yon sèvè pou yon lojisyèl sèvi avèk yo).
  • Repwodui, fè doub, kopye, distribye oswa fè nenpòt lòt bagay ak imaj, piblikasyon elektwonik, non ak logo, mizik, foto, tèks oswa videyo ki sou sit la, nan objektif pou fè komès oswa pou w fè lajan (menm lè w pap fè benefis).
  • Kreye kèlkeswa lojisyèl, aplikasyon ak pwogram, zouti oswa teknik ki fèt pou pran, pou kopye, pou telechaje, pou rale oswa ranmase enfòmasyon ak done, kòd HTML, imaj oswa tèks ki sou sit sa a (piti kou gwo) nan entansyon pou w distribye yo. (Sa pa entèdi moun distribye aplikasyon ki gratis ki pa pou fè komès men ki fèt pou telechaje fichye elektwonik tankou fichye EPUB, PDF, MP3 ak MP4 nan pati piblik ki sou sit sa a.)
  • Mal sèvi ak sit la oswa ak sèvis sit la lè w itilize yon metòd ki diferan ak sa yo bay la pou w deranje fason sit la fonksyone oswa pou w monte sou sit la.
  • Sèvi ak sit la nenpòt fason k ap lakòz oswa ki ka lakòz sit la gen pwoblèm oswa ki ka fè sit la pa parèt oubyen ki ka fè l difisil pou yon moun monte sou li. Ni ou pa dwe sèvi ak sit la yon fason ki kont lalwa, ki ilegal, pou w fè fwod oswa pou w fè lòt moun mal ni sèvi avè l nan yon objektif oubyen yon aktivite ki kont lalwa, ki ilegal, pou w fè fwod oswa pou w fè lòt moun mal.
  • Sèvi ak sit la oswa nenpòt nan imaj, piblikasyon elektwonik, logo, mizik, foto, tèks oswa videyo ki sou li nan kèlkeswa aktivite ki gen rapò ak komès.

Nou pa bay garanti e responsablite nou limite

Sit Entènèt sa a, tout enfòmasyon ki sou li yo, sa k ladan l yo, materyèl li yo ak lòt sèvis yo met disponib pou ou pa mwayen sit la, se kibagay.com ki mete yo la jan yo ye a. kibagay.com pa bay okenn reprezantasyon oubyen garanti sou kèlkeswa fòm nan, eksplisit oubyen enplisit.

kibagay.com pa garanti sit la pa gen okenn viris oubyen anyen ki ka bay pwoblèm. kibagay.com pap responsab okenn domaj, kèlkeswa domaj ki ka rive paske yon moun sèvi ak kèlkeswa sèvis la, oubyen kèlkeswa enfòmasyon, bagay ki sou sit la, materyèl oubyen lòt sèvis yo met disponib pou moun pa mwayen sit entènèt la, sa gen ladan l, san se pa sa sèlman, domaj ki se konsekans sa yo te fè oubyen domaj ki endirèk, ki ka lakòz yon sanksyon oubyen yon konsekans (sa gen ladan l pèdi pwofi).

Lè yon moun pa respekte kondisyon yo

San nou pa rejte lòt dwa kibagay.com mete anba kondisyon sa yo, si w ta vyole youn nan kondisyon sa yo yon fason oswa yon lòt, kibagay.com ka aji kont ou jan l wè ki pi bon pou l fè fas ak ka kote yon moun pa ta respekte kondisyon yo, sa gen ladan l li ka bloke aksè ou gen ak sit la, li ka anpeche w monte sou sit la. kibagay.com ka bloke òdinatè ki gen adrès IP w pou òdinatè sa yo pa gen aksè ak sit la. Li ka kontakte konpayi ki ba w aksè ak Entènèt la pou l mande l bloke aksè w genyen sou sit la, e/oubyen li ka rele w nan tribinal.

Chanjman

kibagay.com ka fè chanjman nan kondisyon sa yo detanzantan. Y ap kòmanse aplike chanjman yo fè sou kondisyon pou w sèvi ak sit la apati dat yo mete chanjman sa yo sou sit la. Tanpri, vizite paj sa a regilyèman yon fason pou w asire w ou byen konprann dènye chanjman yo mete yo.

Lwa ak jiridiksyon

Ou ka mete lyen ki gen rapò ak anons ou a nan deskripsyon tèks la anons. Sepandan, ou pa ka mete lyen ki mennen nan yon lòt vann piblik, anrejistreman oswa sit mache.

Chak kondisyon valab poukont li

Menmsi yon tribinal fè konnen gen youn nan Kondisyon pou moun sèvi ak sit la ki ta merite anile, ki pa valab, ki pa aplikab oswa ki ilegal, lòt kondisyon yo toujou valab. Si gen youn nan kondisyon sa yo kibagay.com pa fè demach pou fè nou respekte, pa panse li bay vag sou kondisyon sa a oubyen li bay vag sou dwa li genyen pou l fè respekte kondisyon sa a.

Akò

Kondisyon sa yo reprezante akò ant ou menm ak kibagay.com sou fason pou w sèvi ak sit la, e yo ranplase tout kondisyon ki te la anvan yo sou fason pou w sèvi ak sit sa a.
...
...
...
 
ENSKRI GRATIS
Go
© 2018 - 2024 kibagay.com - All rights reserved.